Fanm Rebèl

De ki sa n ap pale

 

Portrait of Léonice Legros by Séjour Legros (n.d.), courtesy of the Musée du Panthéon National Haïtien

‘Fanm Rebèl’, yon mo nan Kreyòl Ayisyen an ki vle di ‘fanm rebèl’, se yon pwojè rechèch ki la depi twa lane e ki patwone pa Leverhulme Trust ak Enstiti pou rechèch atlantik nwa nan Inivèsite Central Lancashire. Dirije pa Dr. Nicole Willson, pwojè a ap chèche mete a jou istwa sou medam yo nan Revolisyon Ayisyèn nan. Konsa, pwojè a kouvri 100 lane nan istwa D’Ayiti a, soti nan 1750 rive nan 1850. Li elaji kad konvansyonèl la sou kalandriye Revolisyon Ayisyèn nan pou li mete aksyon radikal fanm rebèl yo ki te fèt anvan Rebelyon Ogé a nan lane 1790 ak Rebelyon 1791 lan. Nan menm fason tou, pwojè a ale pi lwen pase nesans Repiblik D’Ayiti a nan lane 1804 pou li mete sik lavi Marie-Louise Christophe, premyè rèn D’Ayiti. Pwojè a eksplore naratif resistans ki te atikile nan pratik espirityèl, travay domestik, kreatif, sivi, sibtèfij ak komba lame.

Sit sa vle asire li ke rechèch ki alabaz pwojè sa ka gen yon eritaj dirab ak vyab. Poutèt sa, li pral fonksyone tankou yon achiv dijital ki gen yon aksè disponib 24è sou 24, 7 jou sou 7 sou fòm yon galri, sant resous ak eksperyans avèk aprantisaj. Li envite kolaborasyon ak kontribisyon rechèchè, koleksyonè, konsèvatè, achivist ak lòt pati ki enterese sou sijè sa nan kominote a. Si w ta renmen rejwenn kominote a pou ede li gen plis resous, tanpri mete w an kominikasyon avèk nou nan KONTAKT fòm nan.